Nou Pa Egare
Don
  • Pwofil piblik
  • Paramèt


  • Rekrite
  • Telechaje
  • Aktivite
  • Don
  • Kapital sosyal

  • Paj ou yo
  • Apwopo
  • Rejwenn NTL
  • Blòg
  • Kontak
  • Sijesyon
  • Temwayaj
  • Don

Pages tagged "amway"


Prekosyon pa kapon: ki jan pridans mwen fè Amway pa gen tan pran m

Pibliye on Temwayaj by #NouPaEgare · January 22, 2021 12:53 PM · 1 reyasksyon

Sa se temwayaj Vanessa pataje avè nou. Nou kontan pibliye l pou li e nou panse temwayaj sa ka ede lòt moun.

.........................................................................................................................................................

M te ka gen yon 7 ou 8 an lè papa m te rantre nan Amway. M sonje se te reyinyon sou reyinyon. Kòm mwen te timoun epi paran m t vin divòse nan menm epok la, m pa t vrèman konn detay jan sa pase.

Anpil ane pase m jwenn moun vin ofri m rantre nan youn. Mal mande lepè an si l te arive milyonè an kachèt nan Amway (ou pa jann konnen) ? Li di m pa lapenn. M te deja pa t fye bagay moun yo, m tou di yo non.

M gen yon bagay lakay mwen ki ede m anpil. M renmen baze desizyon m a 80% sou eksperyans lòt moun. Se sa k fè m ka di jouk kounye a m pa janm tonbe nan gwo zen. M priiiidaaan. Tout sa pou m di si tout moun te menm jan avè m koze MLM sa te kraze deja.


M fè AVON, Amway, 5Linx, Beonpush...e m pa janm fè pwogrè vre

Pibliye on Temwayaj by #NouPaEgare · January 21, 2021 8:19 PM · 1 reyasksyon

Sa se temwayaj yon moun pataje avè nou. Nou kontan pibliye l pou moun nan e nou panse temwayaj sa ka ede anpil lòt moun.

------------------------------------------------------------------------------------------------------------------

 

Li rès la

Eksperyans fanmi m ak AMWAY

Pibliye on Temwayaj by Louis-Jacksonne Lucien · January 05, 2021 11:23 AM · 1 reyasksyon

BRAVO epi mèsi tout ekip ki reyalize travay sa! Kòman mòd biznis MLM nan ka gen gwo konsekans mabyal sou lavi nou ? Aprè mwen fini gade video a, mwen deside pataje avèk nou yon eksperyans konsa (AMWAY) te genyen sou fanmi mwen (mwen se yon viktim dirèk).

Se papa m ki te fè eksperyans lan, men se tout fanmi an ki viktim paske sa te gen pou premye konsekans separasyon manman mwen avèk papa m. Sa ki te vin koz anpeche posibilite yon bon planifikasyon avni timoun yo, mwen avèk sè epi frè mw. M te gen 6 lane lè yo separe akoz AMWAY.

Li rès la

Sit sa fè pati jefò asosyasyon Ayiti Nou Vle A ap fè pou sansibilize piblik ayisyen an sou sijè ki enpòtan.

Nou envite w vizite tou Koze Kilti Vyòl, Yon Jou Va Jou, Anba Tab, Lekòl Lakay ak Mobilize.

  • VIN MANM
  • RET ENFÒME
  • KONTRIBIYE


Konekte w avèk Facebook, Twitter oubyen imel ou.
Yon pwojè AyitiNouVleA
Sit sa kreye ak NationBuilder